Pwosesis enskripsyon elektè yo bloke nan nivo Tigwav fas ak absans fich pou enskripsyon

10 – 16 – 2026
Tigwav, Ayiti ______ (TRiboLAND) Pwosesis enskripsyon elektè yo bloke nan majorite sant yo nan nivo komin Tigwav, soti mèkredi 14 pou rive vandredi 16 oktòb 2026 lan, akoz pa genyen fich pou anrejistre elektè yo.
Se ka yon kandida pou pòs prezidan repiblik Dayiti, Willen Joachin, ki se yon tigwavyen natif natal ki li menm te ale enskri. Kandida kap chèche pran chèz ba direksyon peyi a, fè konnen ke li pase nan plizyè biwo nan vil la, li pat remake prezans oken’n ajan CIV nan biwo sa yo.
Laprès te kapab konstate ke te genyen anpil moun kap fè moute desan’n nan biwo yo, yon fason pou yo te kapab enskri kòm elektè, nan kad ranpli devwa sivik yo nan pwochèn eleksyon yo.
Nan san sa a, Willen Joachin ak ansanm elektè yo, mande konsèy elektoral pwovizwa (KEP) a, pou pwokire biwo enskripsyon yo fich pou fasilite elektè yo pwepare pou 13 desanm 2026 k’ap vini la a.






