Ansyen sekretè jeneral CNEH lan pwofesè Jean Lavaud Frédéric mande pwofesè lekòl leta yo nan Grandans pou plan konsyans.

09 – 27 – 2026
Jereni, Ayiti_____(TriboLAND) Absans pwofesè leta nome kap touche chèk chak mwa apati task sitwayen ak sitwayenn peyi a, pweokipe ansyen sekretè jeneral konfederasyon edikatè ayisyen yo, pwofesè Jean Lavaud Frédéric.
Pou responsab la, fòk kòlèg anseyan ayisyen yo nan Jereni – Grandans pwantikal konsyans antanke pwofesyonèl edikatè ki pwan angajman pou sèvi sosyete ayisyèn lan nan edike pitit pèp lan.
Toujou daprè pwofesè Frédéric, li pa nòmal pou pwofesè lekòl leta yo pa prezan nan etablisman piblik yo, alòske yo pwezan nan lekòl prive yo pou fè kou ak timoun afè bon yo. Fas ak yo parèy krim, obsèvasyon yo montre yon absans konsyans pwofesyonèl ak angajman sitwayen ki pa genyen bò kote anseyan yo nan Jeremi- Grandans.
Jean Lavaud Frédéric mande otorite konsène yo nan ministè edikasyon nasyonal ak fòmasyon pwofesyonèl kou ministè ekonomi ak finans pou sanksyone pwofesè absanteys yo swa nan kenbe ckèk yo chak mwa oubyen nan retire pousantaj.
Yon lòt bò, kèk kritik ki abitye avèk kèk lòt sistèm edikatif nan peyi lòt bò dlo, ankouraje yon peyman ki plis chita senpleman sou jounen ke pwofesè a pwezan nan klas la. Chèk li dwe fèt sou kantite jounen li pwezan yo pandan enstriksyon. Sa ou fè, se li ou wè; sitou avèk yon seri fo edikatè ki pran yon malen plezi pou efondre kriminèlman lekòl nan peyi Dayiti!






