Gonayiv/Jistis : MEDHA denonse Leta ki pa sispann vyole dwa moun

06-28-2022
Gonaiv, Ayiti_____(TRiboLAND) Swit ak desizyon Dwayen Tribinal Gonayiv la, pou ranvwaye Asiz kriminèl yo, yè lendi 27 jwen 2022 a. Kòdonatè Men Ansanm pou Defann Dwa Moun nan Latibonit (MEDHA), Me Michelet Dorgilles pat pran tan pou reyaji, kote li denonse Leta ki pa sispann vyole dwa sitwayen yo, lè yo okazyone toujou gen grèv nan aparèy jistis yo paske yo pa pran responblite yo.
Daprè Mèt Dorgilles, lis moun ki an detansyon prevantiv prolonje yo ap vin pi long chak jou ki jou; men toujou gen difikilte pou yo jije.
Anpil detni yo ki te gen tan konnen yo pral jije pral kontinye boule prizon pandan yo pa konn pou kilè yo la e sitou, sila kap boule prizon pou granmesi.






