Pòdepè : Plizyè dizèn jèn patisipe nan yon fòmasyon gratis e pwofesyonèl sou agro-chimi

284
0
Share:
TRiboLAND

09/03/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Plizyè dizèn jèn nan vil Pòdpè rasanble jodi jedi 3 septanm 2026 la, nan lokal “Institut Classique Toussaint Louverture ki trouve l nan Ri Monseyè Lebihain anba direksyon Mèt Rock Clavaroche, pou te patisipe nan 2 jounen seminè fòmasyon pwofesyonèl sou agro-chimi, Fondasyon TRiboLAND òganize. Aktivite sa a te vize bay jèn yo ki te soti nan diferan lokalite, te pote boure pou boske konesans pratik ki kapab ede yo devlope kapasite yo epi jwenn nouvo opòtinite ekonomik.

Pandan premye jounen fòmasyon an, patisipan yo kòmanse aprann teknik pou prepare plizyè kalite pwodwi, tankou: jèl pou cheve, savon bote, pafen, pafen lwil, savon lesiv ak diven ki fèt ak fwi, tankou mango, tamaren ak grenadya. Fòmasyon an te dirije sou lobedyans John Kervens Petit-Homme, pandan 2 jou swa 3 ak 4 septanm, soti 8è nan maten pou rive 2è nan aprèmidi.

Fondasyon TRiboLAND kontinye fè fòmasyon pou tout kouch gratis, nan kad jefò k ap fèt pou ranfòse kapasite jèn yo epi ankouraje yo antre nan antreprenarya.

Avèk inisyativ sa a, Fondasyon TRiboLAND vle bay jèn Pòdpè yo zouti pratik yo kapab mete an aplikasyon pou kreye ti aktivite ekonomik epi amelyore kondisyon lavi yo. Aktivite a montre enpòtans fòmasyon pwofesyonèl genyen nan ede jèn yo devlope konpetans, vin pi otonòm epi patisipe pi plis nan devlopman ekonomik kominote a.

Share:

Leave a reply