Pòdpè : Mèt Lorfils Wisly mande manm krèy Prezidansyèl la yon minimòm desans pou yo tout pa echwe.

819


05 – 05 – 2024

Konsèy Prezidan ki gen 7 moun nan


Mwen mande yon minimum desans, pou n konpran si nou pa mete Interè pèp Ayisyen an an premye e si nou pa aji vit e byen nou tout 7 konseye prezidan yo ak tout antite nou reprezante yo kouri yon gro risk pou echwe ansanm.

Pèp la ka mize nan wout, nou k pase plis mizè ke sa nap pran la men, jamè pèp pa kon pèdi batay. Si nou 7 la vle na fè depasman na mete rizib interè pèsonèl ak jwèt koken yo lwen lwen lwen poun o mwen met enterè popilasyon an nan wonn tab la.


Si nou fè l konsa nap tuve lave figi nou ti kras ki deja byen sal nan jan nou rive sou pouvwa a gras ak pèmisyon peyi #CARICOM ak #USA…
Mpanse sa pa fè onè oken Ayisyen ki kon listwa Peyi a. Bref

Pou fini mfè Senatè Edgard, anpil kredi notaman pou laj li, pakou politk li ak pou istwa OPL.
Map ajoute pou Kamarad Lesly Voltaire ak Kamarad Fritz Jean mesye pa bliye sa nou te di nan dènye symposium Okap nan novanm 2023 nou te di anpil bon koze e n te fè foto ansanm san nou pat konen di nou te pwal Prezidan selman 5 mwa pita.

Peyi a konte sou nou mesye epi destin nou nan men nou.

Peyi pa fè moun se moun ki fè Peyi
Chinwa yo fè lachin
Dominiken fè Sendomeng
Se nou: Ayisyen ki pou fè Ayiti

Comments are closed.