Vizit nan sant kaseral Pòdpè : “Nap Valorize Valè Yo” kontinye ap make pwen nan sosyàl

543
0
Share:
TRiboLAND

03 – 09 – 2025

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Yon lòt fwa ankò, “Nap Valorize Valè Yo” te efektye yon lòt vizit nan prizon sivil Pòdpè a, nan kad valorize medam yo nan okazyon Jounen Entènasyonal Dwa Fanm yo”.

Bezwen yo nan sant kaseral komin Pòdpè a, se yon nich ak latriye ki limite kapasite òganizasyon pou elaji kad sèvis ou asistans sosyàl yo ki reyèlman an mal makak; sepandan avèk moun ki genyen yon mèyè konpreansyon sou misyon “Valorize Valè Yo”, BonDyé pa sispann mete yo sou wout la plizyè zanmi ki fasilite asistans yo, piti jan li ye, daprè sa ki soti nan bouch kèk manm nan òganizasyon an ki plonje rèd mare nan valorize moun nan tout dimansyon.

Vizit VVY yè samdi 8 mas 2025 lan, mete an evidans non sèlman fèt medam yo nan prizon sivil Pòdpè a, men tou salye ou mete chapo byen ba devan direktè sant kaseral la, Enspektè Louis ak latriye polisye ki afekte nan prizon santral komin nan. Staff reprezantasyon an te genyen chans chita manje e bwè ak prizonye fanm yo, ki aprè sa ta pral resevwa yo chak yon kit ijyenik.

Nap sinyale, responsab “Valorize Valè Yo” te pwofite bay timoun ak prizonye malad yo kit ijyenik egalman nan kad gwo sòlòkòtò sila ki te jwen sipò grese sere tout antite ki rete kwè nan tewori “Men anpil chay pa lou” a.

Share:

Leave a reply