Minis agrikilti a, agronòm Marcelin Aubourt vizite 5yèm seksyon kominal Dam Mari nan kad pote repons fas ak pwoblèm maladi chabon an.

09- 04- 2026
Dam – Mari, Ayiti_____(TRiboLAND) Minis agrikilti a, agronòm Marcelin Aubourt vizite 5yèm seksyon kominal Dam Mari, nan lide pou pote repons bay peyizan yo nan Balivèn ki pèdi pwòch yo ak zannimo nan maladi chabon an. Minis Aubourt ki te akonpaye plizyè otorite lokal nan Dam Mari, anonse yon kanpay vaksinasyon apati lendi 7 septanm 2026 lan nan komin Abriko ak Dam Mari; yon dispozitif ki pwal fasilite peyizan chape bèt yok ap mouri kon krenn lapli.
Minis agrikilti resous natirèl ak devlopman riral gouvenman Fils Aimé an, te pwofite chita pale ak plizyè santènn peyizan ,elvè nan 5yèm seksyon kominal Dam Mari, Balivènn sou konpòtman yo dwe genyen pou pa trape maladi chabon an.
Toujou daprè minis Aubourt, yonn nan rezon vizite li nan seksyon Balivèn, se jis anpeche timoun ak granmoun kontinye mouri ak maladi chabon an, e pwoteje zannimo yo kont yon parèy flewo ki deja bay anpil dlo nan je.






