“Collectif des 13” nan Tigwav, denonse konpòtman pouvwa defakto a ak KEP la.

82
0
Share:
TRiboLAND

09 – 04 – 2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Collectif des 13 (C13), nan yon konferans li bay jounen jedi 03 septanm 2026 la, denonse konpòtman pouvwa defakto Alix Didier Fils Aime a, ak tout konsèy elektoral pwovizwa a (KEP), yo di ki pa manifeste oken volonte pou reyalize eleksyon yo nan peyi Dayiti menm si yo rekonèt pa genyen oken’n kondisyon sekiritè ki kreye pousa.

C13 denonse egalman yon ansanm egzijans konsèy elektoral pwovizwa a fasilite candida yo jwen plis pase 20 pyès yon fason pou yo kapab al patisipe nan eleksyon nan pwochèn eleksyon yo. Yo mande pèp Ayisyen an leve kanpe pou egzije KEP retounen sou desizyon yo pran kont kandida yo; mete sousa fòk yo ale kay notè pou al legalize pyès yo epi yo e san konte yon katafal lajan pou enskripsyon yo. Sinon daprè sa yo di, moun ki pral pran pòs elektif yo pami yo depite ak senatè yo ki toujou enplike nan kòripsyon yon fason pou yo antre lajan yo.

Toutfwa, Collectif des 13 ki di yo vle eleksyon pou eleksyon, men se pandan yo pa vle nenpòt eleksyon; yo vle yon eleksyon onèt, kredib ak demokratik andan peyi a, san enfliyans kò etranje.

Nap siyale, Collectif des 13, vle di 12 seksyon kominal, plis sant vil Tigwav, se yon estrikti ki pran nesans depi plizyè mwa anndan komin nan, yon fason pou pote ansanm revandikasyon popilasyon Tigwavyèn nan atravè gouvènman Ayisyen an.

Share:

Leave a reply