Machin lanmò bandi santifò yo, pote ale lavi yon jènn demwazèl anndan lakay li

849

04 – 03 – 2024

Taba, Ayiti___(TRiboLAND) Enithe Désir, se non yon jèn demwazèl ki resevwa yon bal nan lannwit 02 avril 2024, lakay li Taba 27. Divès mannèv tap miltipliye pou rive transpòte lopital ou chape lavi malerez la ki malerezman ta pra’l rann dènye soupi li nan lopital San Fwontyè ki trouve-l nan zòn lan.

Vyolans gang nan peyia kontinye ap simen dèy nan mitan popilasyon an. Jounen minit yo vinn pi ensèten pou popilasyon ayisyèn nan, chak jou ki jou. Se yon kesyon jou ou minit ou wè a ki konte!

Bandi santifò yo nan konfyolo ak kriminèl lòbèy entènasyonal yo kap founi yo zam ak minisyon, mete peyi Dayiti alagoni.

Comments are closed.