Me Arnel Auguste prete sèman kòm nouvo Delege depatmantal Nòdwès la

328
0
Share:
TRiboLAND

09/01/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Me Arnel Auguste prete sèman ofisyèlman nan aprèmidi madi 1e septanm 2026 la kòm nouvo Delege depatmantal Nòdwès la, nan kad yon odyans ekstrawòdinè ki òganize nan Tribinal Premye Enstans Pòdpè.

Odyans lan te prezide sou lobedyans Dwayen TPI Pòdepè a, Me Ernest K. Desravines, an prezans Komisè Gouvènman Pòdpè a, Me Jeir Pierre, ki te akonpaye ak Sibitit li, Komisè Marcel. Yon seremoni ki fèt nan respè ak egzijans lalwa.

Nan moman solanèl sa a, Batonye lòd Avoka Pòdepè a, Me Edler Louima, ansanm ak Vis-Delege awondisman Pòdpè a, te akonpaye nouvo Delege a nan pye estrad la pou prete sèman jan la lwa egzike sa sou demand Dwayen an.

Odyans ekstrawòdinè a te dewoule devan plizyè manm Bawo a, lòt Avoka, sitwayen ak divès pèsonalite ki te vin asiste seremoni an.

Nan diskou li, Dwayen Ernest K. Desravines te adrese kèk pawòl ankourajman ak konsèy bay nouvo Delege depatmantal la. Dwayen an swete Me Arnel Auguste kapab swiv tras papa li, sitou nan fason li pral sèvi kominote a epi ranpli responsabilite ki mache ak fonksyon li genyen kounye a.
Mesaj sa a vini kòm yon envitasyon pou nouvo responsab la kontinye nan liy sèvis ak angajman ki te make pasaj papa l nan lavi piblik la.

Bò kote pa l, Komisè Gouvènman Me Jeir Pierre mete aksan sou enpòtans fonksyon Delege depatmantal la. Komisè a mande nouvo Delege a pou li pran tout responsabilite li kòm reprezantan gouvènman an nan depatman an, pandan li pral veye sou bon fonksyònman enstitisyon piblik yo.
Daprè mesaj Komisè a, prezans yon Delege depatmantal dwe pèmèt pi bon kowòdinasyon ant pouvwa santral la ak estrikti leta yo nan depatman an, pandan li dwe rete atantif sou fason sèvis piblik yo ap fonksyone.

Avèk prestasyon sèman sa a, Me Arnel Auguste antre ofisyèlman nan egzèsis fonksyon li kòm Delege depatmantal Nòdwès la.

Share:

Leave a reply