Mèt Ychmuth Corneille “Rambo” demanti rimè sou yon swadizan kandidati pou Sena Nòdwès

208
0
Share:
TRiboLAND

07/31/2026

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Mèt Ychmuth Corneille, anpil moun konnen sou non “Rambo”, demanti ou voye jete enfòmasyon jounalis Myrlantha Majuste te pibliye sou paj Facebook li, ki ta fè kwè li ta deja poze kandidati li pou pòs Senatè depatman Nòdwès la.

Nan yon deklarasyon, Mèt Corneille fè konnen enfòmasyon sa a pa chita sou okenn verite. Li presize li pa janm anonse okenn kandidati pou Sena a, e li mande piblik la pou pa bay rimè enfòmasyon chanprèl sila ki pa verifye oken kredi. Daprè li, nenpòt desizyon politik ki ta gen pou pran ap fèt nan bon moman epi atravè chanèl ofisyèl yo.

Malgre li fè konnen li reyini tout kalite pou li ta sèvi peyi li nan nenpòt nivo, kote li ta kapab itil. Patwon Radio Marconi an ensiste pou di, ke li pa fè “rime”, e li pa yon kandida pou Senatè Nòdwès la nan moman an; se petèt senpleman “awousa” kap teste teren an pou moun pa yo.

Li pwofite lanse yon apèl bay pwofesyonèl laprès yo pou yo toujou verifye enfòmasyon yo anvan yo pibliye yo, yon fason pou evite konfizyon nan opinyon piblik la.

Share:

Leave a reply