Yon gwo konsè espirityèl reyalize nan Wo 12èm seksyon Dèfoug kominal Tigwav nan lokalite Bwajansi.

09 – 01- 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Yon gwoup dam nan legliz Dedye Ebenezè Tabènak Lagwa, reyalize yon gwo konsè espirityèl pandan week end nan. Nan lokalite Bwajansi nan Wo 12èm seksyon Dèfoug kominal Tigwav.
Selon òganizatè yo, konsè sila a reyalize nan lide pou fasilite yo jwen mwayen rekonstwiksyon legliz la ki kraze. Gwoup dam lan, ki deklare genyen anpil moun ki beni nan fason pa yo, ak anpil bèl animasyon espirityèl, bèl meditasyon, chan nan okazyon an, fè konnen gwoup Reyon Disyèl, se youn nan gwoup ki ranpòte plis viktwa nan konsè a, gras ak manm li yo.
Konkou kous kouri, konkou bwè dlo, konkou manje pòm ak reponn kesyon Labib, se kèk pami aktivite ki make konsè espirityèl sila.
Nap fè remake, se plis pase yon santèn fidèl, fanm, gason ak tifi e tigason ki te soti nan divès seksyon andan komin Tigwav ki te vin patisipe nan gwo sòlòkòtò espirityèl sila ki te genyen yon karakteristik trè espesyàl nan rejyon an.






