Definitivman, ekip “Bagay Nèf” yo, kise patizan Adrien Louis, pa antann bese lèbwa.

824


04 – 27.- 2024

Jeremi, Ayiti ( TRiboLAND) Pou yon inyèm fwa, patizan pwòch, fanmi, frè, sè Adrien Louis, alyas Pakèt Afè, Renel Léneus te touye ak bal pou kesyon tè ki mal separe. Se konsa, prezime asasen an, te mete vès mawon sou li, sa ki te lakoz kay li boule ak machinn e menm rive anleve yon ti bebe 14 mwa, kay parenn li ki se Jhony Lafleur.

Jhony Lafleur akize ekip solda “Bagay Nèf” lan, ak frè defen an ki se yon polisye, ki te vinn lakay li pou anleve bebe a, e boule machinn, pwan kob ameriken ak vandalize byen yo.

Jhony Lafleur te pote plent nan lapolis ak lajistis yè apre midi vandredi 26 avwil lan kont patizan pwòch Adrien Louis, alyas Pakèt Afè, ki yo menm tou te debake nan pakè Jeremi an.e egzije Komisè Gouvenman an, Andre Mary Pyram pou pwosede ak arestasyon pleyan ki se Jhony Lafleur.

Comments are closed.