“Inityativ 14 dawout” pou rasanble sektè popilè, òganize yon koferans deba pou sansibilize popilasyon an al enskri kòm elektè pou pwochèn eleksyon yo.

08 – 30 – 2026
Tigwav, Ayiti _____(TRiboLAND) Inityativ 14 dawout pou rasanble sektè popilè nan tèt kole ak divès lòt òganizasyon nan rejyon Dèpal la, pami yo nou konsyan, òganize 2026 la, yon konferans deba nan Complexe Chrétien an, nan zòn Bònsòlda Tigwav.
Selon pwofesè Emanis Jenty, pastè Michel Wilson ak dirijan òganizasyon feminis Nationne Forvilus ki te sou tab konferans lan, deklare aktivite sa a, reyalize nan lide pou sansibilize sektè yo e popilasyon an al enskri kòm elektè; yon fason pou bay katon wouj ak yon seri politichyen rat dokale kriminèl, kòwonpi ki kenbe peyi a annotaj depi plis pase plizyè deseni. Daprè yo, nenpòt lè eleksyon an ap reyalize, yo dwe pare pou yo pa domi deyò.
Yon lòt kote, responsab yo denonse epi kritike pouvwa defakto Alix Didier Fils Aime a, dekonsè ak konsèy elektoral pwovizwa (KEP) yo di ki anonse eleksyon pou 13 desanm 2026 kap vini la a. Aloske oken’n kondisyon sekiritè pa garanti pou fè eleksyon yo anndan peyi a, yon fason pou sitwayèn ak sitwayen yo al ranpli devwa sivik yo nan pwochèn konpetisyon elektoral yo nan mwa desanm pwochen an.
Nap fè remake, se te yon konferans deba ki te trè anime bò kote patisipan yo, kote opinyon yo te pataje sou fason yo te poze panelis yo anpil kesyon sou ansanm kondisyon ki pa reyini pou reyalize eleksyon yo. Genyen moun ki di yo kapab fè eleksyon yo nan komin kote bandi pa pran annotaj yo, paske yo te kwè dwe genyen eleksyon pou renouvle pèsonèl politik la, pou remete kanpe enstitisyon yok e yo konstate ki kraze plat atè.





