Manm konseye asosyasyon nasyonal medya ayisyen yo, Tiamengol Clervil rann ekip Radyo Oriantation fm nan Tigwav.

679

09-27-2023

Tigwav, Ayiti ___(TRiboLAND) Manm konseye asosyasyon nasyonal medya ayisyen yo (ANMH) Tiamengol Clervil rann ekip Radyo Oriantation fm nan Tigwav yon vizit solidarite jounen mèkredi 27 sektanm 2023; yon media ke endividi yo pa rive idantifye te mete dife nan baryè prensipal enstitisyon an pandan nan lanwit 6 pou louvwi 7 septanm 2023 pase a.

Gran Toryan ANMH la, Tiamengol Clervil presize, ke vizit sila rantre nan kad solidarite epi ranfòse moral jounalis yo; ankouraje ekip Radyo Oriantation fm nan lide pou di yo, yo pa pou kont yo; ANMH la avèk yo, yo dwe kontinye fè travay yo nan tout kyetid san pran presyon anba men kelkeswa moun nan.

Yon lòt kote, konseye estwikti ANMH la, Tiamengol Clervil denonse epi kondane zak kriminèl sa a, zèfèyis ou malfwa yo ki mete dife nan radyo an pandan l presize ekip li fè pati a, prè pou akonpanye staff Radyo Oriantation fm nan tout demach l’ap antreprann bò kote la jistis yon fason pou rive mete anba kòd tout moun yo ta twouve koupab nan kad zak malonèt sila a.



Comments are closed.