Komisè Muscadin anonse ofisyèlman kandidati li pou pòs prezidan Repiblik Dayiti nan pwochèn eleksyon yo.

194
0
Share:
TRiboLAND

08 – 30 – 2026

Miragwan, Ayiti ____ (TRiboLAND) Komisè gouvènman pakè jiridiksyon Miragwan lan, Jean Ernest Muscadin nan yon deklarasyon li fè nan mikwo lapwès, anonse ofisyèlman kandidati li pou pòs prezidan Repiblik Dayiti nan pwochèn konpetisyon elektoral yo ki prevwa reyalize nan dat 13 desanm 2026 kap vini la a.

Komisè Muscadin ki fè konnen pi gwo rèv li, sil reyisi nan pwochèn eleksyon prezidansyèl yo, se arive dechouke bandi kriminèl yo nan Vilaj Dedye; li fè konnen pou peyi a libere anba bandi, fòk genyen sakrifis ki fèt. Li ankouraje popilasyon nan 4 kwen peyi a, pou yo al enskri kòm elektè, yon fason nenpòt ki lè eleksyon ap demare, pou yo pa dòmi deyò.

Toutfwa, komisè Muscadin di popilasyon an, yo mèt kwè nan li ak tout ekip li; li pwomèt lap kontinye batay kont tout bandi yo nan lide pou libere peyi a ke yo pran annotaj depi plis pase 5 lane.

Share:

Leave a reply