Konfli tè nan Zòn Twarivyè : Peyizan yo lanse yon kri pote sekou

93
0
Share:
TRiboLAND

08/13/2026

Pòdpe, Ayiti _____Plizyè sitwayen ak peyizan nan zòn Twarivyè denonse yon konfli tè ki ta ap kreye anpil tansyon nan kominote a. Daprè yo, yon moun yo idantifye sou non Jean Louis ta vle pran kontwòl majorite tè nan zòn nan, malgre gen plizyè fanmi ki di yo ap viv epi travay sou tè sa yo depi lontan.

Peyizan yo akize fanmi Jean Louis a dèske yo konn vini ak plizyè moun ame ak zam blanch pou fè presyon sou moun ki okipe tè yo. Sitiyasyon sa a lakoz gwo kè sote nan mitan popilasyon an, ki pè pou yo pa fòse yo kite tè yo oswa pou konfli a pa vin pi grav.

Daprè moun ki konsène yo, yo te deja chèche entèvansyon otorite jidisyè yo nan Pakè Pòdepè, men yo di yo poko wè ase swivi sou dosye a. Yo mande otorite yo pran plent yo oserye, verifye dokiman chak pati epi etabli kiyès ki gen dwa legal sou tè ki nan diskisyon yo.

Peyizan yo lanse yon kri pote sekou bay otorite yo pou yo entèvni rapidman, anvan konfli a ta vire nan vyolans. Yo mande pou tout bagay fèt nan respè lalwa, san menas, san fòs kote ak san okenn tantativ pou dechouke moun ki deja ap viv sou tè yo.

Share:

Leave a reply