Pa gen Asiz Kriminèl ak Asistans Jiri nan Jeremi akoz reta nan transmisyon dosye yo

07/24/2026
Jeremi, Ayiti _____(TRiboLAND) Tribinal Premye Enstans (TPI) Jeremi pap òganize asiz kriminèl ak asistans jiri jan sa te prevwa. Se Dwayen tribinal la, Mèt Ceïde Michel, ki fè anons sa a, pandan li eksplike dosye prizonye yo pa t rive jwenn tribinal la nan delè lalwa egzije a, sa ki rann li enposib pou sesyon an dewoule nan kondisyon legal.
Dapre Dwayen an, reta sa a montre gwo feblès ki egziste nan fonksyònman sistèm jidisyè a nan jiridiksyon Jeremi. Li fè konnen lè dosye yo pa rive alè, sa afekte bon administrasyon jistis la, lakòz reta nan tretman dosye yo epi pwolonje tan moun yo pase nan prizon pandan y ap tann jijman.
Sitiyasyon sa a soulve enkyetid sou nesesite pou amelyore kowòdinasyon ant tout enstitisyon ki enplike nan chèn penal la, pou evite reta sa yo repete. Anpil obsèvatè estime yon pi bon òganizasyon ak respè delè legal yo enpòtan pou garanti dwa ak libète sitwayen yo, pandan y ap ranfòse konfyans popilasyon an nan sistèm jistis ayisyen an.






