Yon gwo dife manman penba eklate nan lokal BED Grandans lan vè 4è aprè midi jodi madi a

108
0
Share:
TRiboLAND

07 – 21 – 26

Jeremi, Ayiti_____(TRiboLAND) Aprè midi madi 21 Jiyè 2026 lan, yon gwo dife manman penba eklate nan lokal biwo elektoral depatmantal Grandans lan (BED) ak biwo elektoral kominal Jeremi an (BEK). Premye enfômasyon yo pako detèmine mobil dife a ki te kòmanse nan yon depo ki te genyen ansyen materyèl elektoral yo ki arrive bwile.

Sou demand responsab yo ki te sou plas, lapolis te entèvni pou etenn dife a yon fason pou limite dega yo. Nap fè remake konsèy elektoral pwovizwa a apenn lanse yè lendi a posesis anrejistreman elektoral yo pou komin Jeremi an.

Li bon pou nou sinyale, konseye elektoral depatman Grandans lan, Patrick Saint Hilaire, nan moman dife a te an misyon sou komin Abriko ak Bonbon.

Share:

Leave a reply