Vyolans ap vale teren nan dimanch prekanavalèks yo : Pòdpe anba menas san pwoteksyon

252
0
Share:
TRiboLAND

02/02/2026

Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Vyolans ki akonpaye dimanch prekanavalèks yo nan vil Pòdpe pa sispann pran anplè, malgre plizyè apèl dezespere popilasyon an ap lanse bò kote otorite yo. Dimanch 1e fevriye 2026 la, ki make twazyèm dimanch aktivite avan twa jou gra yo, plizyè sitwayen tonbe viktim zak brital pandan bann Kiliko t ap anime lari yo. Kèk viktim resevwa kout kouto, lòt yo frape ak wòch, sa ki te oblije yo al chache swen ijans nan lopital Imakile Konsepsyon. Sitiyasyon sa a mete an kesyon kapasite otorite yo pou garanti sekirite nan moman fèt popilè yo.

Depi premye dimanch prekanavalèks lan, okenn bann a pye pa benefisye ak akonpayman lapolis, yon mank ki fasilite zak vyolans yo. Nan plizyè zòn cho tankou Lakoup, Lòt bò Pon, zòn Wonpren pou n site sa yo sèlman nan Site Kapwa Lamò, endividi ki pa idantifye ap kraze bann yo ak kout wòch, lakòz chak dimanch genyen nouvo viktim. Absans fòs lòd yo nan espas sa yo vin tounen yon sous ensekirite grav, sitou lè n ap pale de aktivite ki rasanble anpil moun nan lari.

Malgre tout kri k ap leve soti nan mitan popilasyon an, ni Lapolis ni Lamèri Pòdpe pa bay siy prezans yo nan aktivite yo. Lamèri a, ki sipoze lanse epi kowòdone evènman yo kòm enstitisyon ki administre komin lan, rete silansye. Pwomès ki te fèt pou chita pale ak Lapolis yon fason pou asire sekirite popilasyon an rete san rezilta, pandan zye yo pa sispann fikse nan direksyon kòb kanaval la ap soti a.

Si nan lòt komin peyi a gen sinèji ant Lamèri ak Lapolis pou pwoteje sitwayen yo, Pòdpe, yon lòt fwa ankò, parèt tankou yon komin ki lage popilasyon li de bwa pandje, san direksyon, san pwoteksyon.

Share:

Leave a reply