Koup Rock Clavaroche 2026 : Tiraj fèt, 15 ekip pare pou fè balon an woule nan Pòdpe

53
0
Share:
TRiboLAND

07/13/2026

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Lig Foutbòl Pòdpe a, ki gen nan tèt li Rock Juvens Clavel ansanm ak ekip li ak patnè yo, reyalize tiraj o sò 5e edisyon Chanpyona Entè Zòn lan, jodi lendi 13 jiyè 2026 la, nan lokal Mèdyatèk la. Konpetisyon an, ki pote non Koup Rock Clavaroche, ap reyini 15 ekip epi l ap demare vandredi 24 jiyè 2026 sou Pal Kapwa Lamò, ak objektif pou kontinye ankouraje devlopman foutbòl nan komin Pòdpe.

Nan okazyon tiraj la, Rock Juvens Clavel fè konnen lig aktyèl la ap travay ak anpil angajman pou amelyore kondisyon chanpyona a. Li eksplike plizyè efò deja fèt pou satisfè demand piblik la, tankou konstriksyon vestyè ak amenajman teren an, pandan lòt travay deja tanmen pou ofri jwè yo ak sipòtè yo yon pi bon anviwònman pandan konpetisyon an.

Match ouvèti a ap mete Kriminal fas ak FC Demelis nan Gwoup A, yon gwoup ki gen ladan l tou Latòti, FC Dewoulen ak FC Lejand. Avèk nouvo edisyon sa a, Rock Juvens Clavel kontinye kenbe flanbo foutbòl la byen wo nan depatman an, pandan li rete fidèl ak eslogan li a: “Kite Balon Woule.”

Share:

Leave a reply