Lig Foutbòl Pòdpè : Kalandriye dezyèm jounen foutbòl jenn nan Vil Pòdpè

2,870

John Jean Jacques 01-21-2022

Pòdpè_____(TRiboLAND) Apwè lansman premyè edisyon ak premyè jounen foutbòl pou jenn ti moun ki gen 15 ak 17 lane nan Pòdpè, Lig Foutbòl Pòdpè a rann piblik kalandriye dezyèm jounen konpetisyon an, pou weekend sila a.

Samdi ki te 15 janvye 2022 a, Lig Foutbòl Pòdpè a nan tèt kole ak nouvo Komite espò nan depatman Nòdwès la te lanse premyè edisyon Foutbòl jenn pou ti moun 15 ak 17 lane nan chèf lye depatman an sou pak Kapwa Lamò.

Apwè lansman yon aktivite ke anpil moun te bat bravo lakontantman pou li, Lig la ki gen nan tèt li Rock Juvens Clavel ki gen non jwèt li Rocky Boul pwomèt li pap kanpe pou foutbòl jwe nan pwèske tout kategori yo nan yon vil kote foutbòl la te gen anpil enpòtans nan ane ki pase yo. Pou dezyèm jounen an kap gen pou jwe weekend sila a, swa, samdi 22 ak dimanch 23 janvye 2022 a, responsab yo deja rann piblik kalandriye konfimatif la.

Men kòman kalandriye a ye pou weekend sila a:

Samedi 22 Janvier : 3h Pm Fc Dragon vs Dragon Bleu Fc

Dimanche 23 Janvier : 6h 30 Am Kingdom vs Flamengo FC

Comments are closed.