102,878, se kantite kandida ki pral patisipe nan egzamen bakaloreya pou ane akademik 2025 – 2026 lan.

90
0
Share:
TRiboLAND

07 – 13 – 2036

Pòtopwens, Ayiti____ (TRiboLAND) Ministè edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonnèl (MENFP) fè konnen genyen 102.878 kandida ki pral patisipe nan egzamen bakaloreya pou ane akademik 2025 – 2026 lan, pou tout peyi a.

Ministè Edikasyon Nasyonal fè yon avanse istorik pou premye fwa, nan kad entwodwi ekzaminasyon pou 23 elèv lise teknik agrikòl nan depatman sid peyi a. Kidonk, entwodiksyon bakaloreya teknolojik, make yon etap enpòtan nan devlopman ansèyman teknik nan peyi Dayiti.

Nan sans sa a, Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl, fè konnen tout dispozisyon deja pran pou bon dewoulman pwosesis egzamen an. MENFP mande pou lapolis ak lajistis mete anba kòd tout kandida ki deside lage kò yo nan banbòch ak debòch tout kalite aprè egzamen an.

Share:

Leave a reply