Absans grefye nan tribinal premye enstans jiridiksyon Jeremi an paralize bon fonksyonnnan sistèm jistis lan.

53
0
Share:
TRiboLAND

06 – 28 – 2026

Jeremi, Ayiti____(TRiboLAND) Selon Dwayen tribinal sivil premye enstans Jiridiksyon Jeremi an, mèt Jean Michelet Seide, genyen yon sèl grefye odyanse pou kat jij enstriksyon nan jiridiksyon Jeremi an. Ajoute avèk sa, mank resous adekwàt kalifye ki pa genyen nan nivo tribinal lan okazyone jij enstriksyon yo pa kapab egzekite travay yo jan sa dwe ye.

Selon Dwayen Seide, enstriksyon majistra enstriktè yo dwe rete sekrè jis aprè jij enstriksyon yo finn rann òdonans yo; konsa, sa bay administratè tribinal sivil la dwa pou pa angaje okenn grefye ad – Hoc pou travay ak jij enstriksyon yo .

Dwayen Seide ale pi lwen pou montre nesesite ak ijans pou ke konsèy siperyè pouvwa a ak ministè lajistis ak sekirite piblik nomen bonjan grefye pou fè fonksyone tribinal premye enstans jiridiksyon Jeremi an; konsa, yon parèy mezi pou fasilite jistisyab yo jwenn yon lòsyè jistis.

Share:

Leave a reply