Pou ranfòse sistèm agrikòl lan nan komin Bomon, PARSA konstri plizyè kilomèt wout.

06 – 28 – 2026
Bomon, Ayiti____(TRiboLAND) Pou ranfòse systèm agrikilti an nan komin Bomon, responsab yo nan pwogram agrikilti rezilyans sekirite alimantè(PARSA), nan tèt kole ak peyizan agrikiltè yo nan komin Bomon 2èm seksyon Chadonèt, konstri plizyè kilomèt wout an beton nan objektif pou fasilite peyizan yo dekoule pwodwi agrikòl yo kòm sa dwa.
Sou plan agrikòl, dezyèm seksyon kominal Bomon, Chadonèt daprè temwayaj peyizan yo, zòn nan genyen anpil potansyàlite; bagay ki rele yanm, fig bannann, kafe, kakao, pwa nwa, mayi, pwa kongo, manyòk, patat, e zoranj pou n site sa yo sèlman. Konsa, absans wout okazyone pwodwi alimantè sila yo devalorize ou gaspiye an kantite.
Benefisyè pwojè enfwastrikri woutyè yo pat kache kontantman yo fas ak yon parèy pwojè ke PARSA te inisye atravè yon finansman Bank Mondyal nan tèt kole avèk direksyon depatmantal ministè agrikilti Grandans. Yo te egalman voye, nan non kominote Chadonèt la nan komin Bomon, yon chay remèsiman bay agwonòm Jocelyn Jean, ki se kòdonatè pwojè a.






