Mèri Okap lanse gwo operasyon pou libere twotwa yo; machann yo mande solisyon pou siviv

111
0
Share:
TRiboLAND

06/02/2026

Okap, Ayiti ______(TRiboLAND) Mèri Okap la pase nan aksyon jan Majistra Michel Saint-Croix te anonse sa. Depi byen bonè, plizyè ajan Polis Minisipal ansanm ak manm PNH yo te deplwaye nan plizyè Ri ak nan zòn Lèt L la pou kòmanse operasyon liberasyon twotwa yo. Daprè premye otorite minisipal la, operasyon sa a se yon “chaplèt” kont tout moun k ap mete obstak sou espas piblik yo, ak objektif pou amelyore sikilasyon pyeton ak machin nan vil la.

Pandan entèvansyon an t ap dewoule, anpil machann te parèt ak dlo nan je, pandan yo t ap mande otorite yo ki kote yo dwe ale pou kontinye fè komès yo. Plizyè nan yo fè konnen sitiyasyon an vin pi difisil toujou apre dife ki te detwi Mache Cliny a. Yo raple otorite yo ke apre trajedi sa a, yo te resevwa divès pwomès pou jwenn yon espas apwopriye pou rekòmanse aktivite yo, men jiskaprezan anpil nan angajman sa yo pa rive reyalize.

Machann yo ensiste sou nesesite pou leta lokal la jwenn yon solisyon dirab pou yo, paske se nan ti komès sa yo yo jwenn mwayen pou bay fanmi yo manje ak voye pitit yo lekòl. Pandan operasyon an ap kontinye, plizyè sitwayen ap mande pou otorite yo rive jwenn yon balans ant respekte lòd ak pwòpte nan vil la, pandan y ap pran an konsiderasyon reyalite sosyal ak ekonomik plizyè santèn fanmi ki depann de komès enfòmèl pou viv.

Share:

Leave a reply