Lopital Imakile Konsepsyon Pòdpè Make Fèt Manman yo ak yon Gwo Jounen Depistaj Gratis sou Kansè Kòl Matris

05/31/2026
Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan kad selebrasyon Fèt Manman yo, Lopital Imakile Konsepsyon Pòdpè, anba direksyon Doktè Paul Miclaude, òganize yon gwo jounen depistaj gratis sou kansè kòl matris pou fanm ak manman nan kominote a. Aktivite sa a te reyini anpil patisipan ki te pwofite sèvis medikal yo san okenn frè.
Inisyativ sa a te vize ankouraje prevansyon ak deteksyon bonè kansè kòl matris, yon maladi ki afekte anpil fanm atravè mond lan. Ekip medikal lopital la te mobilize pou bay konsiltasyon, enfòmasyon sou sante repwodiktif, ansanm ak egzamen depistaj yo nan yon anviwònman ki te favorize konfyans ak respè pou pasyan yo.
Plizyè manman ki te benefisye sèvis yo pa t kache satisfaksyon yo devan jès sa a. Yo te salye angajman direksyon lopital la ak pèsonèl medikal la ki kontinye mete sante fanm yo nan sant aksyon yo. Dapre temwayaj yo, jounen sa a reprezante yon bèl kado pou Fèt Manman yo epi yon modèl inisyativ ki merite repwodwi nan lòt kominote yo.






