Transfè ansyen Direktè polis depatmantal Nòdwès la, genyen anpil pou wè avèk livre vil Pòdpè anba men bandi

Yon ekip valpa, swadizan pitit vil Pòdpè, e ki genyen yon move pase nan yon seri pòs piblik nan site Kapwà Lamò a, pa sispann fè tèt yo pase kòm enfliyansè ou direktè opinyon sou do Nòdwès pou mete kòb nan pòch yo.
Konsa, pwatik sansal ou apatrid sila, pèmèt yo fè lajan ou chèche myèt sou tout gouvènman ki pase. La, nap pale de yon seri sangwen “Bèl Sonson” ki pran yon malen plezi, ap bavade pou yon bon bout tan nan radyo, vale tafya, fè kòb nan pran vye pozisyon politik ki delwayàl ki pa janm avanse pwoblematik vil Pòdpè a.
Jounen jodia, nan zak tafyatè ak raketè “Bèl Sonson” ap pwatike depi yon bon bout tan nan vil Pòdpè, kote li toujou vle tout pou li nan baskou politik la, li resi franchi yon liyn wouj ki mete andanje lavi popilasyon pòdepezyèn nan. Akoz tafya ak renmen lajan, “Bèl Sonson” okazyone ansyen Direktè depatmantal polis Nòdwès la, Cétoute transfere e ranplase, jis pou fasilite gouvènman kap livre peyi a plase yon nouvo dirèktè polis ki tap bay gang tete nan Kwadèboukè.
Li lè li tan, pou vil Pòdpè demaske ekip “Bèl Sonson” an, ki pa fè lòt bagay ke enpoze yo, nan fè vye zak politik delwayàl pou devye vijilans popilasyon nan enterè mesken yo, ki toujou lage vil la, san ajanda, san vizyon, san avni nan pwoliferasyon fatra.
Yo fè anpil demach pou pouse do tout moun kap fè yon travay pozitif nan bay sekirite nan depatman Nòdwès peyi a; sitou si otorite sila yo pa pèmèt yo fè gagòt ak zak delwayàl tradisyonèl yo. Yo debarase vil la de Majuste ak Cétoute, pou bay gang plis opòtinite pou anvayi vil Pòdpè. Kidonk, nou rive kote yo te vle nou rive a!
Tout sa antre nan kad pwojè “Haiti Mining” lan, kote gang yo deja genyen kontwòl Gromòn, Basen Ble, e Chansòlm akoz anbisyon yon seri politisyen apatrid ou tèt chat kap vann blan tè peyi a pou eksplwatasyon minyè. Vil Pòdpè, deja genyen prezans bandi kriminèl kap mete anplas anpil estrateji pou okipe Pòdpè ak konplisite Direksyon polis depatmantal la, kèk otorite lokal ki genyen ramifikasyon ak gang Ti Bwadòm, san konte ekip konze “Bèl Sonson” an, ki jounen jodia lage Pòdpè nan woulo.
Enel Richard, Vil Pòdpè






