Fondasyon TRiboLAND reyalize yon jounen fòmasyon gratis sou transfòmasyon fatra an chabon ekoloji, fabrikasyon kola ak diven.

157
0
Share:
TRiboLAND

05/16/2026

Senlwidinò, Ayiti____(TRiboLAND) Nan objektif pou ankadre jèn yo atravè peyi Dayiti, Fondasyon TRiboLAND reyalize yon jounen fòmasyon gratis ticheri nan komin Senlwidinò jodi samdi 16 me 2026 la nan lokal Lise Lamenè Bwa Chandèl.

Seyans fòmasyon gratis sila ki te rasanble plis pase 60 patisipan, te akse sou transfòmasyon fatra an chabon ekolojik, fabwikasyon bwason gazez “kola ak “diven”. Aprantisaj la ki te egzekite anba lobedyans fòmatè Alexandre Titon, kòdonatè Fondasyon TRiboLAND nan Latiplas, rejyon Wo Monstik nan Ba Nòdwès.

Yon parèy sòlòkòtò jistifye diferan estrateji anviwonmantal ki vize dekouraje ènnmi ekolojik yo detwi ou koupe nan pyebwa pou fè chabon atravè peyi a. Anplis, aprantisaj la pral pèmèt patisipan yo dote tèt yo yon konpetans abilite manyèl kap fasilite yo jenere pwòp biznis yo.

Toujou, nan vokasyon li pou konbat delenkans jivenil, pwostitisyon ak enfliyans gang e politisyen, Fondasyon TRiboLAND kontinye ap ofwi yon latriye fòmasyon gratis, yon mouvman yon pitit Nòdwès mete atravè peyi Dayiti.

Antouka, patisipan yo nan seyans lan, pat manke temwanye e afiche kontantman yo fas ak yon parèy inisyativ gratis ki vize koutize yon mouvman entreprenarya ki solid anndan peyi Dayiti.

Share:

Leave a reply