MPP lanse plizyè jounen pòt a pòt nan okazyon 50 lane egzistans yo nan peyi Dayiti.

1,219

1973-2023 make 50 lane egzistans Mouvman Peyizan Papay nan vil Ench.

05-30-2023

Ench, Ayiti____(TRiboLAND) Nan okazyon 50e lane egzistans Mouvman Peyizan Papay, dirijan yo anonse, yo deja lanse plizyè jounen pòtapòt nan lekòl piblik kou prive, nan lide pou sansibilize ekolye yo sitou nan domèn agrikilti.

Mouvman Peyizan Papay, yon òganizasyon peyizan k ap batay nan mitan mas popilè a, espesyalman nan klas peyizan agrikòl la, ki estime Leta ayisyen mete pye sou kou yo, tanmen yon kanpay sansibilizasyon, pou sove sektè a.

Jounen pòtapòt sa fèt, nan pèspektiv pou rive fè jèn ekolye ak ekolyè yo konnen kisa Mouvman Peyizan Papay ye? Travay l ap fè, epi pwofite fè jèn yo al swiv diferan paj rezo (Facebook, Instagram ak YouTube), nan lide pou yo kapab genyen plis enfòmasyon konsènan pleyad aktivite yo mete sou pye nan peryòd selebrasyon 50 lane egzistans yo a.

Comments are closed.