Fondasyon TRiboLAND klotire 3èm jounen fòmasyon sou konfeksyon sandal ak valiz nan zòn Bochan, depatman Nòdwès

649

Anviwon yon trantèn patisipan bat bwavo pou 3 jounen fòmasyon gratis sila Fondasyon TRiboLAND reyalize nan zòn Bochan, depatman Nòdwès peyi Dayiti.

07-29-2023

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Se jounen samdi 29 jiyè 2023 a, ekip solid TRiboLAND lan, nan tèt kole ak fòmatris Hermithe Lami, klotire 3 jounen fòmasyon sou konfeksyon sandal gason ak fanm e valiz. Nan yon anbyans kè kontan ak satisfaksyon, patisipan yo boukle pwosesis aprantisaj la avèk onè e fyète.

Patisipan yo remèsi tout ekip Triboland lan, men tou felisite yo dèske yo fasilite yo aprann fè sandal ak valiz. Konsa, yo reyèlman kontan, pou yon sèvis ki mache jwenn yo san senkòb. Divès lòt swete fondasyon an pa rete la, men toujou ankouraje jènn yo menm jan lap fèl nan lòt kòmin yo.

Patisipan yo ki montre yo trè kontan e satisfè fason dewoulman fòmasyon an, pwomèt yo pral pratike tout sa yo te aprann nan fòmasyon an, konsa, y’ap fini dote tèt yo yon opòtinite ekonomik.



Comments are closed.