Fòlibète : 45 elèv-avoka prete sèman pou antre nan bawo a

05/14/2026
Fòlibète, Ayiti _____(TRiboLAND) Jodi mèkredi 13 me 2026 la, tribinal premye enstans Fòlibète a òganize yon seremoni espesyal kote 45 elèv-avoka te prete sèman pou antre ofisyèlman nan bawo jiridiksyon an. Aktivite a te fèt nan sal odyans lan, an prezans Batonye a, Mèt Gaston Étienne, manm konsèy lòd la, plizyè otorite jidisyè ak polisyè, ansanm ak fanmi, zanmi ak alye nouvo avoka yo. Seremoni an te dewoule nan yon bèl atmosfè fratènite ak respè nan tanp Thernis.
Moman sa a te chaje emosyon paske li make yon gwo etap nan lavi pwofesyonèl jèn jiris sa yo. Nan diferan diskou ki te fèt pandan seremoni an, responsab yo te souliye gwo responsabilite ki vini ak metye avoka a, pandan yo te raple ke defann lajistis ak dwa sitwayen yo se yon devwa sakre. Prezans fanmi yo ansanm ak otorite jidisyè yo te bay evènman an yon karaktè espesyal ak enspiran pou tout moun ki te la.
Reprezantan ministè piblik la ansanm ak jij ki t ap prezide odyans lan te pwofite bay nouvo manm bawo a anpil konsèy sou fason pou yo pratike pwofesyon an avèk onètete, disiplin ak respè pou prensip etik yo. Avèk prestasyon sèman sa a, 45 nouvo avoka sa yo antre nan yon kominote ki gen misyon pou defann libète, verite ak jistis nan sosyete a.






