Responsab yo nan lopital jeneral Nòtredàm Tigwav, onore enfimyè yo nan okazyon jounen entènasyonal la.

05 – 14 – 2026
Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Responsab yo nan lopital jeneral Nòtredàm Tigwav, òganize yon seremoni jounen mèkredi 13 me a, pou onore enfimyè yo nan okazyon jounen entènasyonal la.
Nan okazyon an, te genyen yon mès aksyon degras ki te chante nan memwa tout enfimye ki tap travay lopital la ki mouri.
Direktè medikal lopital jeneral Nòtredàm Tigwav la, doktè Fred Jasmin ki te pran lapawòl nan kad semoni an, raple enfimyè yo enpòtans yo genyen nan metye a. Li preche yo tèt ansanm youn ak lòt.
Li enpòtan pou nou fè’w konnen, pandan kloti seremoni an, resposab yo, kò medikal la ran’n omaj byen merite ak enfimyè yo pou enplikasyon nan prizanchaj pasyan yo nan bon fonksyonman lopital la.






