Vatikan : Premye aparisyon piblik Pap Léon XIV

104
0
Share:
TRiboLAND

Vatikan, Itali______(TRiboLAND) Nouvo souvren pontif la, (Robert Francis Prevost) Léon XIV fè premye aparisyon li jodi jedi 8 me 2025 lan, aprè li te benefisye chwa Konklav Kadinal yo. Li salye plisyè milye moun ki tap aklame li sou plas Sen Pyè, aprè sòti lafimen blanch lan.

Robert Francis Prevost se yon natif natal peyi Etazini, li soti nan Chikago. Li pase yon bon bout tan ap travay nan Amerik Latinn. Nan premye diskou li, Léon XIV ki genyen 69 lane, mete anpil aksan sou lapè, dyalòg, charite ak tèt ansanm.

“Ke lapè Bondye-a renye sou tout moun! Frè ak sè, sa se premye salitasyon Kris la ki leve byen vivan; Bon Pastè a ki te bay lavi li”

“Se pou lapè ak tout moun. Frè ak sè, sa a se premye salitasyon Kris la leve vivan, Bon Pastè a ki te bay lavi li pou twoupo Bondye a. Mwen swete tou salitasyon lapè sa a antre nan nannan kè nou e rive jous nan fanmi nou ak tout lòt moun ou tout pèp kèlkeswa kote yo ye sou tout latè. Ke lapè renye sou tout moun”; se deklarasyon siksesè François a fè aprè ke li te finn eli.

Léon XIV vin 267e pap legliz katolik; e li se premye pap nan listwa Amerik la. Kontinan afriken an toujou rete ap tann moman pa li.

Share:

Leave a reply