Gaza 110 mò : sa fè 18 jou depi lame izrayèl la ap pilonnen Palestin san limit

10-24-2023
Bann Gaza, Palestin_____(TRiboLAND) Avyasyon izrayelyèn kontinye ap bonbade san rete diferan tagèt yo nan Bann Gaza, yon seri fwap ki okazyone lanmò 110 inosan yon lòt fwa ankò, dapwè chèn Al-Aksa atravè platfòm Telegram.
Lame izrayèl kontinye ap demantibile pandan lanwit lendi pou rive maten madi a, plizyè abitasyon nan diferan rejyon nan Gaza. Zòn tankou Rafa, Kan Younes nan sid Gaza, se bale wouze.
Bonbadman nan zòn nò bann Gaza, espesyàlman nan Jabalya, genyen anpil mò ak blese. Yo menm arive ap bonbade yon seri rezidans ki nan zòn lopital mati Al-Aksa ke yo te deja bonbade semènn pase, dapwè kominke chèn Al-Aksa.






