Jèn Ri Monfò ap byen pase : netwayaj, solidarite ak kilti pou selebre 28 avril

68
0
Share:
TRiboLAND

Jèn Ri Monfò ap byen pase : netwayaj, solidarite ak kilti pou selebre 28 avril

04/25/2206

Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND)Jodia samdi 25 avril 2026 la, nan yon bèl egzanp angajman sitwayen, jèn nan Ri Monfò nan vil Pòdpe, kontinye mete men ansanm pou kenbe zòn yo pwòp. Chak jou ki jou, yo mobilize pou netwaye lari a, ranmase fatra ak sansibilize lòt rezidan sou enpòtans pwòpte. Pami jèn ki pi aktif nan inisyativ sa a, gen Roudolfo, Big Fada, Fedson, Me Fanuance, pou n site sa yo sèlman; ki pa janm rate yon okazyon pou bay bon jan kontribisyon yo nan devlopman kominote a.

Nan kad preparasyon pou fèt Monfò 28 avril k ap vini an, jèn yo pa limite tèt yo sèlman ak netwayaj. Yo deja anonse yon seri aktivite sosyo-kiltirèl ki pral fèt sou plas Sen Monfò a. Pami aktivite sa yo, ap gen match baskèt pou ankouraje espò nan mitan jèn yo, ansanm ak distribisyon pla cho pou pote solidarite ak pataj nan kominote a.

Depi plizyè ane, jèn Ri Monfò yo fè pwòpte tounen yon batay pèmanan. Angajman yo pa sèlman amelyore anviwònman an, men li ranfòse tou lespri tèt ansanm ak fyète nan katye a. Avèk efò sa yo, yo montre klèman ke devlopman kòmanse ak aksyon konkrè nan baz la.

Share:

Leave a reply