Endividi pèsòn pa rive idantifye blese gravman grav André Jackson nan vil Pòdpè.

842


05 – 23 – 2024

Pòdpè, Ayiti____(TRiboLAND) Fenomèn ensekirite a kontinye ap taye banda seryezman nan site Kapwa Lamò a depi plizyè jou. Endividi pèsòn pa rive idantifye tchake André Jackson gravman grav nan figi, yon mesajè nan Tribinal Premyè Enstans Pòdpè a.

Enfòmasyon viktim nan rive bay ak Radyo Marconi nan vil Pòdpè ta fè kwè, nan moman malfwa yo atake li a li tap sòti Ri Charlemagne Peralte nan 5 h PM, pou t’al pran liy nan BNC.

N’ap raplew nan dènye moman sa yo zak malonèt yo pa sispann miltipliye nan vil Pòdpè, akòz liberasyon yon bandi notwa Pakè Pòdpè ta libere nan jou ki sot pase yo, dapwè deklarasyon plizyè pèsonèl nan Pakè Pòdpè. ‎

Comments are closed.