Tigwav : Komite paran elèv nan lekòl Kapwa Lamò nan 3èm seksyon Twouchouchou mande ministè edikasyon nasyonal pou nasyonalize lekòl la.

42
0
Share:
TRiboLAND

10 – 06 -2026

Tigwav, Ayiti ____ (TRiboLAND) Komite paran elèv yo nan lekòl kominotè Kapwa Lamò nan 3èm seksyon Twouchouchou kominal Tigwav, nan yon rankont ak direksyon etablisman an jounen jodi madi 06 oktòb 2026 lan, poze yon ansanm pwoblèm lekòl la ap konfonte ki anpeche rewouvèti klas yo.

Nasyonalize lekòl la, nonmen anseyan yo, kantin eskolè, sibvansyon materyèl eskolè pou elèv yo, nonmenn yon nouvo direktè nan tèt lekòl la, reparasyon lekòl la pou rewouvèti klas yo pou lendi 12 oktòb 2026 kap vini la a, se yon latriye pwen ki te nan tèt diskisyon yo, selon komite paran elèv yo.

Komite a chwazi mèt Malabar kòm nouvo direktè pou mennen bak enstitisyon an; kidonk, yo wè nan li yon moun ki genyen leadership, kapasite, konpetans, moralite, disiplin ak karaktè serye.

Yon lòt kote, yo pale egalman sou nesesite ki genyen pou minis edikasyon Nasyonal ak fòmasyon pwofesyonnèl doktè Déméro Vijonet pou nasyonalize lekòl Kapwa Lamò a, epi nonmen anseyan yon fason pou pèmèt paran yo rale yon souf. Konsa, yo estime ke yon parèy dispozitif pra’l pèmèt paran yo pa genyen timoun yo pran chimen lekòl san kontrent finansyè.

Komite paran elèv yo ki deklare, si leta ayisyen, atravè minis edikasyon an pa fè anyen, lekòl la pral kraze e tout pwofesè yo pral kite; yon sitiyasyon ki pral pwodwi plis delenkans nan seksyon an.

Share:

Leave a reply