Glisman tèren bloke Mòn Melya : twonson wout komin Montòganize ak komin Wanament.

92
0
Share:
TRiboLAND

04/25/2026

Gwo lapli kap tonbe depi plizyè semèn nan depatman Nòdès la lakòz gwo dega sou enfrastrikti wout yo., Mòn Melya ki twouve l nan tronson wout ki konekte komin Montòganize ak Wanament frape pa plizyè glisman tè ki rann sikilasyon an enposib.

Plizyè pati nan Mòn Melya afekte gravman, kote tè ak wòch ak pye bwa kanpe an bandoulyè sou wout la; blokaj prensipal aks sila ki sèvi rejyon an, paralize tout aktivite ekonomik ak deplasman sitwayen yo. Chofè transpò piblik yo, machann elatriye ap fè fas kare ak gwo difikilte pou kontinye aktivite yo.

Anpil moun ki te bloke sou plas fè konnen yo pase plizyè èdtan ap swiv pandan gen lòt moun ki pran risk pou travèse a pye nan kondisyon riske.

Sitiyasyon an rete kritik, tout je fikse sou repons otorite yo pou yon solisyon rapid, pandan kondisyon meteyowolojik yo kontinye ap bay enkyetid.

Share:

Leave a reply