37yèm Asanble Jeneral Kès Popilè Sentelèn Karis (KPSEK), yon anbyans ki dewoule nan serenite

94
0
Share:
TRiboLAND

03/24/2026

Karis, Ayiti_______(TRiboLAND) Se nan yon atmosfè ki te chaje ak responsablite KPSEK (Kès Popilè Sentelèn Karis) te rive reyalize 37yèm Asanble Jeneral li samdi 21 mas 2026, nan lokal sal pawasyal Sentelèn Karis la.

Lite 9vè nan maten, malgre lapli tap tonbe manm KPSEK yo nan komin Karis ansanm ak Konptwa Montòganize te reponn prezan an kantite pou te swiv ak anpil enterè diferan pwen ki te sou tab la; yon jès ki esplike atachman manm yo avèk enstitisyon an.

Nan moman asanble a, plizyè aktivite enpòtan te reyalize tankou : prezantasyon rapò anyèl, tiraj pou manm yo, ak renouvèlman komite nan kèk pòs enpòtan. Se konsa Odelain Seide, Erilan Tilionord ak Edma Bastien te entegre nan Konsèy administrasyon an.

Pou Komite Kredi a se Cléanise Phat ki te resevwa konfyans manm yo e Guerline François te vin okipe yon plas nan Komite Siveyans la.
Ansable a te fini nan yon bon anbyans kote responsab KPSEK yo pat kache satisfaksyon yo pou jan tout bagay te dewoule nan lòd, respè mityèl, transparans ak detèminasyon.

Yon fwa ankò avèk deviz li ke se, “SERE POU CHOFE”, KPSEK montre angajman li pou kontinye sèvi tout manm li yo e patisipe nan devlòpman kominote Karis.

Share:

Leave a reply