Karis se yon komin anpil politisyen nan Nòdès peyi a pran kòm chwàl Papa

3,199

06-21-2022

Karis, Ayiti____(TRiboLAND) Karis se yon komin ki twouve l nan depatman nòdès peyi Dayiti. Nan lane 1950 Karis te plase nan ran komin e li te vin genyen pròp mèri li. Daprè kèk Gran Notab, Karis nan tan lontan te konn pwodwi anpil kafe avèk yanm. Pandan tout peryòd “afè bon” sa, Karis te gen yon sèl machin pou transpòtasyon.

Sa gen plizyè lane depi politisyen itilize Karis kòm chwàl papa ak yon paradi manti. Yo ba li zanana pou pengwen. Menm pou jete yon pon sou Larivyè Tènèv kap bay problèm digdantan, politisyen woule Karis nan farin.

Politityen ale e yo monte, nad marinad! Pwomès ki lonje dwàt jouda sou pon an; pwojè konsa pa jamè ateri anba madichon depite, majistra ata menm prezidan rive ak kòtèj yo vin vizite, nad marinad! Gen senatè ki ta menm fè dosye Pon sou Larivyè Tènèv la figire nan sikonskripsyon pa yo.

Edikasyon nan Karis se tèt chaje! Pi move egzanp la, se yon lise kap fonksyone nan yon lekòl nasyonal koule, alòske gen yon lise ki 70% pou fini. Malerezman, moun ki ta sanble kanpe antravè sou wout edikasyon, pa sispann fè machwè gonfle ,ki mete mas nan mwa mas, pou banalize lise a ki pa janm fini. Gen menm senatè ki rive pwomèt kòb pwàson Fèt Pak la ki ta pral ede yo fini ak rès sèvis nan lise a; elas, nad marinad!

Trè souvan Gran Toryan elektè sa yo toujou genyen yo seri slogan tèt chat pou Wo Nòdès tankou:, nòdès pap peri, medikaman nòdès, manman nòdès, rezèv nòdès ak nou la pi rèd. Fwa sa ann di ase! Se yon rekey slogan bouyi vide ki deja ap manniganse pou al vire yon lòt fwa ankò lòlòj moun komin Karis.

Yon komin san lidè, lèdè politisyen ki fè tèt yo pase pou lidè san konte òganizasyon ki deja ap fè pwojè pou fè pòch yo bèl, nan konstwi bèl kay. Antouka, Karis genyen yon majistra fantòm ki pa chita menm yon fwa nan biwo l, pou m ta di nan komin nan. Kilè jou ap jou e kilè popilasyon ke yap woule nan farin nan ap mete yon bout deyè raketè kap simaye kalamite!


Comments are closed.