Teknoloji : Moun Mòn Kayo lanse yon apèl bay Natcom ak Dijisèl.

168
0
Share:
TRiboLAND

John Jean Jacques

01/04/2022

Mòn Kayo, Pòdpè_________(TRiboLAND) Sitwayen kap viv nan lokalite Mòn Kayo, denonse Digicel ak Natcom kòm 2 rezo ki mete tèt ansanm pou dechèlpiye ti sakèt moun kap viv nan kanton an e mande pou yo pote yon solisyon rapid ak pwoblèm sila a.

Popilasyon kap viv nan lokalite Mòn Kayo a, lanse yon kri dalam bay responsab rezo telefonik ki nan peyi a, pwesizeman nan vil Pòdpè ki se chèf kapital depatman Nòdwès la.

Nan depatman Nòdwès la, nan komin Pòdpè lokalite Mòn Kayo, moun yo denonse Digicel ak Natcom ki, pou yo menm se 2 rezo kap fonksyone an mafya. Sinyal rezo sa yo pa janm fin kòdjòm nan lokalite sila a. Sitwayen nan kanton an, fè konnen yo konn depanse kòb yo pou yo fè yon plan swa pou fè apèl oubyen itilize enténèt, epi apwè aktivasyon plan an, yo pa ka fè anyen avè l akoz sinyal jiskaske plan an li ekspire. Lè sa itilizatè yo pèdi ni sak, yo pèdi ni krab.

A kote de lajan rezo mafya yo ap pran sou moun san di anyen, men tou popilasyon an mande pou Digicel ak Natcom degaje yo tankou mèt Jan Jak pou mete kèk antèn nan zòn nan yon fason pou yo ka jwenn kèk ti gout sinyal, paske yo pat yo moun al fè biznis!

Share:

Leave a reply