Lig Foutbòl Pòdpè a Kanpe Djanm sou Jesyon Pak Kapwa Lamò a

96
0
Share:
TRiboLAND

06/08/2026

Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Komite Egzekitif Lig Foutbòl Pòdpè (LFP) a rejte demann Direktè Depatmantal Jenès Espò ak Aksyon Sivik Nòdwès la, Destima Raymond Fedner ki te mande pou ranplase komite k ap jere Pak Kapwa Lamò a pa yon nouvo estrikti kote li ta enpoze yon lòt prezidan. Dapre Prezidan LFP la, Rock Juvens Clavel, moman an pa favorab pou yon chanjman konsa, sitou paske komite aktyèl la deja angaje nan plizyè travay ak pwojè ki poko rive nan bout yo. Li fè konnen nenpòt desizyon prese kapab afekte bon jan fonksyònman ak avansman travay yo.

Responsab LFP a raple tou ke pandan plizyè lane, plizyè komite jesyon te pase nan tèt pak la san yo pa rive bay rezilta ki satisfè popilasyon an. Selon li, chak fwa gen pwoblèm oswa kritik sou jesyon enfrastrikti a, se sou Lig Foutbòl Pòdpè a popilasyon an toujou voye dwèt. Se poutèt sa, li estime li enpòtan pou bay komite aktyèl la tan ak espas nesesè pou kontinye travay li yo olye pou yo kreye nouvo chanjman ki pa nesesè nan moman an.

Nan deklarasyon li, Prezidan LFP a ale pi lwen pou raple Direktè Depatmantal la ke Pak Kapwa Lamò a se yon byen prive ki fè pati eritaj Lig Foutbòl Nòdwès la. Li fè konnen fanmi Maurasse te fè don espas la bay Lig la depi lane 1948, sa ki fè LFP gen yon lyen istorik e legal ak teren an. Li souliye tou ke, jiska prezan, Leta Ayisyen poko konstwi yon teren foutbòl modèn nan vil Pòdpè, kontrèman ak vil Senlwi dinò ki te benefisye yon teren nan kad pwogram estad ki te lanse anba administrasyon Matelly-Lamothe la nan lane 2015. Selon li, reyalite sa a fè li pi nesesè pou pwoteje ak valorize patrimwàn espòtif ki deja egziste nan Pòdpè.

Share:

Leave a reply