Me Osno Moncher prete sèman kòm Substitit Komisè Gouvènman nan Tribinal Premye Enstans Wanament lan

03/13/2026
Wanament, Ayiti _____(TRiboLAND) Avoka Me Osno Moncher prete sèman ofisyèlman kòm Substitit Komisè Gouvènman nan Tribinal Premye Enstans Wanament, nan yon seremoni ki make yon nouvo etap nan karyè li nan sistèm jidisyè peyi a.
Seremoni prestasyon sèman an te fèt an prezans plizyè otorite jidisyè, manm baro a, ansanm ak fanmi ak zanmi ki te vin temwen moman enpòtan sa a. Lè li t ap prete sèman an, Me Osno Moncher pran angajman pou li egzèse fonksyon li ak onètete, enpasyalite ak respè pou lwa Repiblik la, nan objektif pou kontribye nan bon fonksyònman jistis la.
Nominasyon sa a vini pou ranfòse ekip Pakè a bò kote Tribinal Premye Enstans Wanament, ki fèk inogire pa twò lontan. Plizyè obsèvatè kwè prezans nouvo responsab sa yo ap ede amelyore tretman dosye yo, ranfòse batay kont enpinite epi pèmèt jistis la vin pi pre popilasyon an nan zòn fwontalye sa a.






