Yon gwo rekonesans pou devouman ak angajman, Kolèj Ev. Baptiste Peniel onore pwofesè Darizier Marc Dolin

03/08/2026
Pòdpe, Ayiti ______(TRiboLAND) Kolèj Ev. Baptiste Peniel deside mete limyè sou travay ak devouman youn nan ansyen pwofesè li yo lè li remèt yon sètifika Onè ak Merit bay pwofesè Darizier Marc Dolin. Distenksyon sa a fèt nan kad selebrasyon senkantyèm anivèsè enstitisyon an, kote responsab yo te pwofite rekonèt kontribisyon enpòtan kèk pèsonalite ki make listwa lekòl la. Gwo jès sa a se yon siy rekonesans pou efò, disiplin ak angajman pwofesè a pandan plizyè ane nan sèvis edikasyon.
Nan mesaj ki sou sètifika a, direksyon lekòl la fè konnen yo eksprime pwofon gratitid ak rekonesans sensè yo pou sèvis ak fidelite pwofesè Darizier Marc Dolin te bay enstitisyon an. Yo souliye ke li se youn nan pwofesè ki pi ansyen ki patisipe aktivman nan fòmasyon plizyè jenerasyon elèv nan nivo fondamantal ak segondè. Travay li, pasyon li pou ansèyman ak modèl li kòm edikatè kontinye enspire anpil elèv ak lòt pwofesè nan kominote edikatif la.
Remiz sètifika sa a montre enpòtans pou sosyete a toujou rekonèt moun ki konsakre lavi yo pou devlopman edikasyon. Pou anpil moun ki konnen pwofesè Darizier Marc Dolin, onè sa a se yon rekonpans merite pou yon lavi ki dedye nan pataje konesans ak fòmasyon jèn yo. Inisyativ Kolèj Ev. Bap. Peniel la vin raple valè respè, rekonesans ak memwa pou moun ki ede bati avni jenerasyon kap vini yo.






