Chofè moto yo nan komin Senlwidinò ap rele anmwey pou move moman yap pase anba men sèvis sikilasyon .

188
0
Share:
TRiboLAND

C

03/09/2026

Senlwidinò, Ayiti_____(TRiboLAND) Chofè taksi motosiklèt yo pa sispann pleyen move tretman yap sibi nan sèvis sikilasyon nan komin Senlwidinò.

Selon kondiktè taksi moto yo : gen papye, gen pèmi, ak fè demand plak chak 3 mwa, sa pa anpeche sèvis sikilasyon bay chofè yo kontravansyon pou yo peye 5000 goud preske chak semèn menmsi yo bay resi pyès yo ki ponko soti.

Kondiktè motosiklèt yo ap mande responsab sèvis plak ak pèmi kondwi nan peyi a pou delivre pyès sa yo, pou yo pa vin pi apovri ke jan sa ye jounen jodia anba men eskanmòtè gran chemen ki pran lapolis la daso.

Konsa, malere kondiktè yo fè konnen yo achte moto byen chè anba men mouche kout ponya, anpil nan yo se kontra yo pran pou yo chache yon lavi miyò. Kidonk, chak fwa yo soti, sasen ki nan sikilasyon bare yo e yo dechèpiye yo anba amann pou yo peye nan komisarya a. Si responsab yo pa di yon mo e mete fwen nan kalite abi sila yo, anpil deblosaj kapab fèt avan lontan.

Share:

Leave a reply