Tansyon an monte nan Mèri Pòdpè a, Jij mete sele sou biwo ansyen majistra yo

96
0
Share:
TRiboLAND

03/27/2026

Pòdpe, Ayiti ____(TRiboLAND) Yon gwo mouvman fèt nan Mèri Pòdpè a kote Jij Yonel Obsain deside mete sele sou biwo ansyen majistra Josué Alusma ak Yanick Agenord touswit apre nouvo ajan egzekitif enterimè yo fin prete sèman epi vizite lokal yo. Desizyon sa a vini nan yon kontèks kote otorite jidisyè yo vle fè limyè sou jan administrasyon an t ap fonksyone. Daprè premye konsta yo, biwo yo te nan yon eta deplorab, sal ak dezòdone, malgre Mèri a pa t janm sispann fonksyone ofisyèlman.

Daprè plizyè sous enfòmasyon kap sikile nan vil la, gen sispisyon ki fè kwè ke ansyen majistra Josué Alusma ansanm ak ekip li ta antre nan Mèri a nan aswè pou pran kèk dokiman enpòtan. Sitiyasyon sa a ogmante dout sou jesyon administrasyon pase a epi soulve kesyon sou transparans ak responsablite nan fason dosye piblik yo te jere.

Yon lòt eleman ki vin rann dosye a pi konplike, se absans total ansyen majistra yo nan seremoni prestasyon sèman ak enstalasyon nouvo responsab yo. Konpòtman sa a pa pase inapèsi nan je popilasyon an, sitou lè yo konsidere tout kritik ak akizasyon ki te konn fèt kont ekip anplas la. Anpil moun wè sa kòm yon siy ki ka konfime dout ki deja egziste, pandan otorite konsène yo sanble detèmine pou mennen ankèt la pi lwen pou tabli laverite.

Share:

Leave a reply