Yon kamyon manke woule nan Mòn Betèl, Pòdpè : Sitwayen yo lanse apèl bay otorite yo

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon kamyon manke woule anba nan zòn Mòn Betèl, nan komin Pòdpè, jodi mèkredi 11 fevriye 2026 la. Daprè temwen ki te sou plas, pa gen okenn moun ki pèdi lavi yo nan ensidan sa a, men sitiyasyon an te kreye gwo panik nan mitan rezidan yo.
Selon enfòmasyon ki disponib yo, se yon machin ki te anpan nan mitan wout la ki ta lakoz chofè kamyon an pèdi kontwòl, sa ki te prèske lakòz yon trajedi. Gras ak vijilans chofè a ak kèk moun ki te toupre a, yo rive evite pi mal la.
Wout Mòn Betèl la deja koni kòm yon aks ki prezante anpil danje. Lòt Bò a pa gen okenn baryè pwoteksyon oswa obstak sekirite ki ta kapab anpeche machin soti nan chimen yo pou al kraze kay ki anba yo oswa mete lavi sitwayen an danje. Plizyè fwa deja, popilasyon an te denonse move kondisyon wout sa a.
Divès sitwayen ap lanse yon SOS bay otorite lokal ak depatmantal yo pou pran mezi ijans. Yo mande pou mete baryè sekirite sou bò mòn lan epi pou ranfòse kontwòl sou machin ki konn tonbe an pan nan mitan monte a, sitou machin lou yo.
Rezidan yo kwè si pa gen entèvansyon rapid, yon lòt ensidan ka rive ak konsekans ki ta kapab pi grav. Popilasyon an kontinye mande plis sekirite ak aksyon konkrè pou pwoteje lavi moun k ap sikile nan zòn sila.






