“Go Tech Center” reyisi premye jounen seminè sou antreprenerya ak devlopman pèsonèl nan vil Pòdpè.

2,217

05-08-2022

Pòdpè____(TRiboLAND) Jan sa te anonse atravè divès kanal medyatik, “Go Tech Center” te demare jounen samdi 7 me 2022 a ak premye jounen aktivite seminè sou antreprenerya ak devlopman pèsonèl nan site Kapwa Lamò a.

Aktivite yo te kòmanse nan mitan jounen an epi divize an 2 sekans. Premye sekans lan, ta pral mete an valè 2 konferansye-antreprenè reyisi, Me Wisly Lorfils ak Merisier Derilien. Youn ta pral ekspoze sou jesyon antrepriz epi lòt la sou edikasyon finansyè.

Yon lòt bò, 2 lot konferansye yo ki se te ansyen Minis Thomas Jacques ak Me Yves Martial ta pral pale sou: kòman nou dwe pwoteje mache ayisyen an, epi Mèt Yves Martial ta pral klotire jounen sou enplikasyon Dwa a nan zafè aktivite komèsyal.

Nan sans sa a, anviwon yon santèn patisipan te reponn prezan nan lokal Inivèsite Valparaiso a, nan lide pou te kapab non sèlman rann posib reyisit premye jounen aktivite sila men egalman wè nan ki dimansyon yo kapab rive kreye biznis yo.

Patisipan yo pat manke eksprime satisfaksyon yo nan premye jounen an; yo remèsye konferansye “Go Tech Center” yo pandan yo fè konnen yap tann dezyèm epi dènye jounen an pou yo kapab resevwa sètifika patisipatif yo.

Comments are closed.