Edriss Altidor alyas “Rat” pran nan ratyè fòs sekirite yo nan Ti Rivyè Latibonit lan

445
0
Share:
TRiboLAND

01 – 18 – 2024

Ti Rivyè Latibonit, Ayiti_____(TRiboLAND) Edriss Altidor alyas “Rat” pran nan ratyè lapolis nan Ti Rivyè Latibonit, lokalite Segi, zòn 4 Chodyè. Selon enfòmasyon ki rive jwenn TRiboLAND, chèf gang sangwen te tonbe nan  echanj kout zam ak fòs UTAG ak MMSS yo, sou pwetèks li te vle fè tèt li pase kòm sangwen ki pa pèse.

Antouka, se avèk anpil detèminasyon, fòs sekirite yo nan depatman Latibonit, flite rat e menm arive poze lapat sou yon fizi 12 ki te nan men li. Enfòmasyon yo fè konnen ke “Rat”, ki rele egalman tèt li “Towo Gwonde”, te fè ti miyèt moso anba yon lapli kout zam, nan moman boukantay la.

“Rat” ki te toujou ap klewonnen ke li sale e li pa pran bal, te youn pami pi gro kriminèl gang Gran Grif Savyen an ki te san pitye pou popilasyon an. Li mouri nan jounen vandredi 17 janvye 2025 lan, yon dat istorik ki pral antre nan kad liberasyon ak sekirite popilasyon Latibonit lan tap chèche chak jou ki jou.

Nap raple, akote zam sangwen bandi sansal ke fòs sekirite yo akapare, yon otèl ki pote non Akansyèl ke chèf gang sangwen Luckson notwà te sezi pou fè baz li, arive sezi e sèvi baz tanporè pou fòs Kenya yo ki ofri yon pèfòmans san repwòch nan depatman Latibonit lan.

Share:

Leave a reply